Ce contenu est archivé.
Mesaj solidarite pou Ayiti
Anrejistre nan Rideau Hall jedi 21 janvye
Mezanmi,
Antèn ke mwen rive jwen poum pale avèk nou jodya se deja yon sign lespwa.
Sa vle di komikasyon reprann.
Se yon gwo soulajman jodya pou m di nou ke sa kap pase an Ayiti a okipe anpil lespri Canada ak tout planèt la.
Tout kote ap chèche mwayen pou ede, pou kore efò nou yo pou yo fè nou konen nou pa pou kont nou.
Tout patou se inkyetid, gen moun, kominote, asosyasyon, nan tout kwen ; gouvènman yo, nan tout nivo, enstitisyon nan tout sektè, ap chèche fè pi plis de jou an jou.
Mouvman solidarite sa a san parèy.
Kè le mond antye ap bat ansanm ak peyi d’Ayiti.
Yo tout dakò pou met men ansanm pou malè sa a tounen you rasanbleman istorik san parèy ak konviksyon pou fè yon Ayiti tou nèf, solid.
Popilasyon Canada kanpe avèk nou e li voye senpati’l pou nou tout ki nan Pòtoprens, nan vil ak komin ki frape anpil yo.
Nou retire chapo devan tout moun ki sou teren an deja kap fè anpil efò pou pote sekou an ijans pou soulaje soufrans pèp ayisyen an.
Mwen gen espwa ke eprèv sa a ki rasanble nou tout e ki fè nap travay san pran souf ap fè nou grandi.
Pa bliye Canada pote nou byen ro nan kè l.
